Discours d'Etzer Vilaire à la mémoire des héros de l'Indépendance, de Charlemagne Péralte... 

Saturday, October 19, 2013

Ayibobo pou Papa Desalin !


Jean Jacques Dessalines
Jean-Jacques Dessalines, le fondateur de la nation haitienne, le remplaçant de Toussaint Louverture après la déportation de ce dernier en France a été assassiné le 17 Octobre 1806 1806. A la tête d’une armée indigène, il conduisit les haitiens vers leur liberté. C'est lui qui proclama l'indépendance d'Haiti le 1er janvier 1804 dans la ville des Gonaives. Il devint empereur sous le nom de Jacques 1er après la proclamation de l’indépendance . Il demeurera  toujours dans la mémoire des haitiens comme étant le Père de la nation haitienne.

En ce 207 ème anniversaire de sa mort, Fernande Gilbert a griffonné quelques lignes en créole en sa mémoire:

Ayibobo pou Papa Desalin !

Jodya raple-n disparisyon w depi 207 an
Patriòt yo, pa patripòch yo, gen pou di yon ochan,
Pou komemore pase w nan listwa nou,
Pou salye kouraj ou nan komba nou.
Chapo ba pou devouman ou!
Bravo papa Desalin pou fyète ou!
Non w sèlman fè kè nou tranble.
Mèsi pou san w, ki te koule.
San sa-a, se semans intelijans ou.
Ou te simaye-l pou mwen, pou nou.
Ou te vle di amèn nan mizè nou,
Ou te vle wè koulè sou syèl nou.
Si w ta tounen jodya, an verite…
Ou t'ap gen pou frape pye,
Latè ta tranble pou jan w ta fache,
Nan sezisman w, loraj t'ap gronde.
Konplo lèzòm ki gen move anbisyon,
Kite peyi a pran anba okipasyon.
Sa te pran di tan pou nou soti anba pye,
Yon je fèmen, yon je ouvè, n-ap veye.
Nou vle rete gran Charlemagne Peralteman.
Nan mitan nou gen detwa vanyan
Ki kontinye misyon w lan san gade dèyè.
Y'ap lite, y'ap batay, yo espere pwogrè.
 Ou pa t'ap kontan wè gaspiyaj nou fè,
Ni tou gade ke nou tounen esklav mizè.
Bon krè-m peyi-a fin ale.
Yo fatige batay, yo bouke pale.
Nou, nan dizyèm depatman,
Menm sou tè moun blan,
Nou santin fyè pou sa nou ye,
Se gras a ou nou ka kampe. 

Drapo nou kontinye ba nou lespwa.
Lè l'ap flote li retrase listwa,
Nan chante tout vizyon w,
Nan chante anbisyon w.
Papa Desalin nou tout anvi tounen,
Nou tout ap kontinye reve byen
Pou peyi nou ka vin miyò,
Si nou ini na vin pi fò.


Fernande Gilbert  10-17-2013
Tous Droits Réservés © 




Carole Demesmin -- Homaj A Anperè Jean Jacques Dessalines

No comments:

Post a Comment